Madmwazèl Julie: Pwofesè k pa pale a
$20.00
202 in stock
Description
Madmwazèl Julie, Pwofesè k pa pale a
Bonjou tout moun! Byenveni nan mond majik sa a kote se moun ki pral rakonte istwa a! Nan liv sa a, pa gen okenn mo-se sèlman imaj enteresan k ap tann imajinasyon w pou ba yo lavi. Pwofesè Julie ap montre w chak paj, epi se OU menm ki pou deside sa k ap pase.
Èske tapi k ap vole a ap vole anlè nyaj lakansyèl yo? Oubyen petèt robo solitè a ap chèche yon zanmi? Chak fwa ou li yon paj, istwa a ka chanje. Gade byen, panse avèk kreyativite, epi kite avanti w la kòmanse!
Epi se yon avanti san mo, san pawòl. Se imajinasyon pa w la ki se kle a! Chak fwa w eksplore paj sa yo, w ka kreye yon istwa tou nèf.
Posiblite yo san limit, epi tou, se oumenm ki pra l vin otè a. Kidonk, kontinye obsève, kontinye reve, epi sitou, pran plezi nan rakonte istwa w la. Ki moun ki konnen ki kalite avanti etonan w pral imajine apre sa?
Istwa a se pou ou-bèl istwa!
Shipping Countries: United States (US)
Ready to ship in 1-2 business days
Vendor Information
- Store Name: Ingram
- Vendor: Ingram
-
Address:
1246 Heil Quaker Blvd.
LaVergne, TN 37086 - No ratings found yet!











